SOMÈ
- Entwodiksyon
- Depi nan GINEN
- Istorik
- Kondisyon lavi esklav yo
- Fòk nou konnen
- Pa kite yo sòt nou
- Lis nou dwe toujou sonje
- Lis la
- Men lis la
- ENTWODIKSYON
Listwa rapòte, avan kolon yo te anvayi zile nou yo nou te yon pèp ki tap viv alèz e sitou lib e libè.
Nou te òganize lavi nou nan yon sistèm kwayans ki baze sou amonizasyon ak lanati, nou te respekte tout sa nou jwenn sou tè a ki gen lavi, kit li se bèt, pyebwa, mwen pa bezwen di pou moun.
Sa se youn nan prensip nou te etabli pou n mennen bak nou.
Kolon yo pat pran anpil tan pou yo te konprann sa e sitou jwe sou sa, nan sèvi ak riz, anbiskad, tout kalte malonètete pou yo te trennen nou nan move kondisyon lavi ki fè yon sèl ak endiyite, ak inimanite.
2. DEPI NAN GINEN
Nou menm Haysyen nou gen yon kolòn zansèt nou yo ki soti ALKEBULAN (jodia yo rele Afrik).
Nan mòd pale nou kòm Haysyen, lè nap fè referans ak rasin nou, nou toujou ap di « DEPI NAN GINEN »
Nou tout konnen depi nan ginen vle di depi an Afrik, nou konn menm di Lafrik Ginen.
- ISTORIK
Ki kote ki nan ginen ?
Nan ginen se nan peyi nou, kote zansèt nou soti, kote nou gen rasin nou.
Lafrik Ginen ou di ?
Wi Lafrik Ginen.
Avan kontinan an te separe, GINEN (GINE) se konsa yo te rele rejyon ak abitan ki tap viv nan pati lwès kontinan afriken an.
Nan Afrik de lwès, avan anvayisè kolon yo, te gen plizyè wayom. Wayom ak tribi sa yo pat toujou nan yingyang jan yo vle fè n kwè. Afrik se te yon kontinan ki tap devlope tèt li, fè politik pou yo pouse bourik yo devan. Gen kèk sivilizasyon Afriken ki te trè avanse, gen wayom ki te trè florisan, Afrik se te yon kochon ki te gen ase grès pou kwit tèt li. Men yo pito fè n kwè kilti nou pa bon epi mete nan tèt nou nou te yon pakèt sovaj, yon pèp primitif. Pou yo fè n kwè se yo ki eklere nou, pandan nou te gen ase limyè pou eklere pwòp tèt pa nou.
Ki eklere atò ?
Men se janw tande a !!!
Anba anba, yo vle fè n kwè esklavaj te yon byen.
Men nan tout koze sa yo, fò n sonje tou dan ak lang konn mòde. Nou te konn gen ti dezakò nou antre nou, menm lè verite a di fò n ka gade l anfas. Men tou sa pa jistifye okenn zak malonèt, okenn dappiyanp, okenn krim « blan » ewopeyen fè sou nèg ak nègès Lafrik.
Yo te konn anplwaye tout kalte riz, jwe sou dezakò nou yo, monte nou youn kont lòt tou, pou yo te ka kidnape nou pi byen soti nan Ginen rive nan lamerik ak ewòp.
Men kèk kote an Afrik zak kidnaping sa a te plis an branl : Senegal, dawome (aktyèl Benen), Angola, Gana, Liberya, Mali, Gine, Kot Divwa, Kongo, Soudan, Nijerya, Nijè, elt… Anpil nan nou nan amerik dinò, amerik di sid, amerik santral ak sou zile yo, se kote sa yo nou soti.
Anndan nannan Lafrik Ginen kote premye rasin nou yo tap boujonnen.
Kongo oo
Kongo pa enève m
Kongo oo
Wap rele m kongo pou fawouche mwen
Kongo oo
Kongo pa enève m
Kongo oo
Gèlè w ta vle pou m rayi tèt mwen
…
Mizik tradisyonèl Haysyen
Mizik : zansèt nou yo : Boukman eksperyans
LI ATIK SA A TOU : SOUP JOUMOU
3. KONDISYON LAVI ESKLAV YO
Lèn tande kondisyon lavi atò, hmmm adjeee, lavi poukiyès oswa poukisa ? wi, ou li byen, lavi poukisa ?
Fò n ta konprann menmsi map pale de esklav, anyen pa ta ka anpeche esklav rete moun, paske move chans se tankou malè li pa gen klaksòn, yon vye sikonstans ka pouse yon moun nan yon sitiyasyon ki pa favorab pou li nan ankenn sans, men anyen pa ta ka retire dwa moun li, paske pe enpòt koulè yon moun osinon kote li fèt, li rete moun menm nan sèkèy…
(Menmsi nan ka nap pale la a, se pat yon koze move chans, osinon patoutafè.
Se te yon move chans pou rèn Anakawona yo te pann, se te yon move chans pou tout lòt Tayno yo te fèmen nan yon gwo kay epi yo mete dife sou yo tou vivan, kankannen yo tout jouk nan zo. Se te yon move chans pou nèg ak nègès ginen yo te al kidnape nan peyi yo fè yo konnen tout kalte soufrans ki egziste sou latè.
Men dappiyanp sa a yo fè sou kò nou, lespri nou ak nanm nou se te yon krim byen òganize e listwa pa janm bouke montre nou sa, pi devan deklarasyon pè Chalvwa pral pwouve koze sa a byen, annou swiv !)
…men, nan lane 1492, 1500, 1680, 1700, 1800… yo, koze konsa se bèl lapawoli nan bouch ti nèg, nan bouch afriken po fonse oswa nan bouch Tayno. Se bèl lapawoli ki pa fè okenn sans ni ki pa vle di anyen nan tèt « blan » ewopeyen. Paske yo pat ka menm rekonèt Tayno, nèg ak nègès tankou moun alevwa pou yo ta konsidere n tankou moun. Menm bèt nan raje te siperyè nan je yo pase nou, pou yo nou se te byen mèb, se pa nenpòt mèb non, vye mèb san valè.
Ou pa kwè ?
Ebyen, pou koze sa a, men sa listwa rapòte :
- Kolon yo te konn antere esklav yo tou vivan.
- Yo te konn fòse yo manje kaka.
- Yo te konn lage yo tou vivan nan chodyè siwo kap bouyi.
- Yo te konn mare yo nan sak jete yo tou vivan nan lanmè.
- Yo te konn fouye twou antere kò esklav yo, simante yo jouk nan lestomak, nan pwatrin, aprè sa yo kale tèt yo pase siwo sou tèt yo, pou moustik ak foumi fin devore yo jiskaske yo mouri.
- Yo te konn mete poud nan dèyè ti gason ak nan devan tifi, epi yo foure dife anndan yo pou yo eklate tankou bonm.
- Yo te konn mare pye esklav yo, pann yo tèt anba.
- Yo te konn fòse yo rantre nan barik ki plen klou, woule barik la nan falèz pou la l tonbe nan lanmè.
- Kolon yo te konn mete yon esklav toutouni, yo pase l yon pli baton, blese tout kòl, epi yo fè yon melanj ak sèl, vinèg, piman, sitwon. Yo wouze esklav la byen wouze. Apre sa, yo konn lage chen sovaj pou devore l. si malgre sa, ak anpil anpil chans youn ta soti siviv, ebyen yo fini sa ak kout ponya.
- Yo te konn kloure 2 men yo, 2 pye yo, krisifye yo sou fèy planch.
- Te gen yon seri kolon yo te rele dekoupè, tèlman yo te konn trase, filange po do esklav byen ak gwo kout fwèt kach kouwè moso vyann.
- Yo te konn chwazi yon seri esklav, pou fòse yo fè mechanste sa yo sou lòt esklav parèy yo. Men anpil nan yo te konn prefere lanmò tou.
Men ki kalite krim yo te konn fè sou zansèt nou sa yo.
Ou wè tout saw sot li la yo, gen istoryen ki fè konnen sa se yon tòkèt nan tout kalte ak kantite mizè kaptif yo te konn pase. Ou wè sa hen ? kounye la a imajine chay la. Hm se plenn nan kè.
LI ATIK SA A TOU : GOUDOUGOUDOU vs SIPÈSTISYON AK DON ENTÈNASYONAL
- FÒK NOU KONNEN
Esklav yo te kòmanse manje bon jan mizè depi jou yo te kaptire yo an Afrik jouk souf yo koupe.
Nan yon premye tan, dabò, kolon yo anchennen yo (ansanm) ak gwo bout fè nan pye, nan men, nan senti ak nan kou yo.
Yo lage yo, pouse yo, antase yo pil sou pil tankou sadin nan yon kal batiman, yo te konn rele batiman sa yo NEGRIYE (Négriers). Yo te konn pran anviwon 40 jou avan yo rive a destinasyon, men sou tout wout la, yo te konn trete yo mal anpil anpil.
Kote yo manje a se la yo te konn fè bezwen yo, Genyen ki konn santi tou vivan oswa malad grav, yo pran nèg ak nègès sa yo, yo lage yo nan lanmè tou vivan, rebèl yo sou batiman yo te konn sibi menm sò a tou oswa yo te konn foure dife nan bouch yo kòm pinisyon.
Medam yo menm, yo te konn fè kadejak sou yo, e pi gwo chèf sou batiman yo te konn bat bravo pou sa, paske yo te konn peye plis kòb pou yon fanm ansent nan mache esklav yo.
Yo di m se kriminèl
Gade m pa kriminèl
Se yo ki kriminèl
Se moun sa yo k kriminèl
Kriminèl, se moun sa yo k kriminèl
…
Kriminèl, kriminèl, kriminèl
Yo kriminèl.
-Mizik tradisyonèl Haysyen
–Sous chan : gwoup : racine mapou (Azor)
4. PA KITE YO SÒT NOU
Nan lane 1685, yo te vini ak yon bann atik yo te konpile ansanm ki bay yon liv yo rele kòd nwa.
« Avan kòd nwa parèt sou moun, li pran yon beny santi bon. Li mete kostim lajistis sou li, swadizan li vi n anpeche mèt esklav maltrete esklav. Men jeneral listwa montre nou se pa sa zòt di ki konte, se sa li fè lò li fin pale… » – Michel Rolph Trouillot
Nan rakontay listwa gen moun ki vrèman vle nou kwè, kòd nwa te yon soulajman pou esklav yo, men fòk nou pa kite yo sòt nou, pa kite yo pete je nou, paske kòd nwa se yon bwa yo kenbe byen long pou pete nou. Se te pito yon liv politik ki te bay kolon dwa kontinye maspinen, toupizi, touye esklav legalman.
Se te yon liv pou pèmèt yo fè krim sou nèg ak nègès nan non lalwa, san konsyans yo pa repwoche yo. Pou jan yo tap sèvi ou pa ta di yo te deja pat menm gen konsyans.
« Nwa pi bon pase endyen kòm travayè, yon sèl nwa ka fè travay nenpòt 6 endyen, Nwa a reziyen l fasilman. Se bondye menm ki te kreye moun nwa pou lesklavaj. Nwa a pap plenyen, li satisfè ak nenpòt ki ti moso manje ou ba li, menm si manje a pa bon, nwa a toujou rete fò, li toujou rete gwo nèg… li gen vye ti ogèy natirèl li, men depi l vle fè wòklò, kèk bon kout rigwaz ap bon pou fèl pran men l e raple l li gen yon mèt. » daprè pè Chalvwa, prèt katolik, istoryen fransè.
Non konplè : Pierre François-Xavier de Charlevoix
LI ATIK SA A TOU: 6 JANVYE JOU LÈ WA ?
5. LIS NOU DWE TOUJOU SONJE
Soti nan arawak yo rive nan kaptif Afriken yo, moun sa yo pat janm dakò lesklavaj e yo te toujou ap goumen pou sa sispann nan kominote pa yo ak nan mond lan.
Men lis kèk Ewoyin ak Ewo ki te goumen e rebele sou tout kalte fòm kont sistèm esklavajis nan mond lan.
Moun sa yo te gen anpil detèminasyon, yo bliye tèt yo pou jenerasyon kap vini yo pa viv menm bagay ak yo. Moun sa yo te fè fas ak tout kalte danje e yo te goumen ak tout kalte zam, sou tout kalte fòm. Pou yo te rache libète yo ki rele yo Pa yo.
Yo te gen yon sèl deviz, (swa yo viv lib oswa yo mouri) LIBÈTE OU LANMÒ.
Toutotan nou vivan nou pa gendwa bliye moun sa yo.
- LIS LA
Pou zansèt Arawak yo sou tout zile a Hayti ak Sendomeng nou rive anrejistre :
ANAKAWONA : Hayti / Babek / Kiskeya / Bohio
MANIKATÈKS : Hayti / Babek / Kiskeya / Bohio
KOTIBANAMA : Hayti / Babek / Kiskeya / Bohio
KAONABO : Hayti / Babek / Kiskeya / Bohio
KASIK ANRI : Hayti / Babek / Kiskeya / Bohio
An Afrik nou jwenn kèk non Fanm ak Gason vanyan ki te kanpe an kwa kont kolon ki te itilize tout kalte pyèj ak riz pou te fè dap piyanp sou pèp yo :
ALINE SITOE DIATTA : SÉNÉGAL (SENEGAL)
MALAN ALUA : CÔTE D’IVOIRE (KOT DIVWA)
KIMPA VITA : CONGO (KONGO)
TITINA SILA : GUINNÉE BISSAAU (GINE BISO)
SARRAOUNIA MANGOU : NIGER (NIJÈ)
ANNE NJINGA : ANGOLA
POU KARAYIB LA MEN LIS NON NOU RIVE ANREJISTRE :
JEAN JACQUES DESSALINES : Hayti
PADRE JEAN : Hayti
SANITE BÉLAIR : Hayti
SAMUEL SHARPE : JAMAYIK
SOLITUDE : MATINIK
HENRI CHRISTOPHE : Hayti
ALEXANDRE PÉTION : Hayti
TOUSSAINT LOUVERTURE : Hayti
BOUKMAN DUTY : Hayti
CÉCILE FATIMA : Hayti
HENRIETTE … : Hayti
MARIE CLAIRE HEUREUSE FÉLICITÉ BONHEUR DESSALINES : Hayti
MARIE SAINTE DEDE BAZILE (DEFILÉE LA FOLLE) : Hayti
CATHERINE FLON : Hayti
TANT TÒYA (VICTORIA MONTOU): Hayti
MARIE JEANNE : Hayti
SUZANNE LOUVERTURE : Hayti
CHARLES BÉLAIR : Hayti
MARIE LOUISE COIDAVID : Hayti
SIMON BOLIVAR : BOLIVI, PEROU, EKWATÈ, VENEZYELA, KOLONBI.
CUDJO ou CODJOE : JAMAYIK
NANNY : JAMAYIK
QUAO : JAMAYIK
ACCOMPONG : JAMAYIK
Johnny : JAMAYIK
ZUMBI : BREZIL
DANDARA : BREZIL
CLAIRE : GIYÀN FRANSÈZ
HÉVA : LA REYINYON
SIPLEMAN :
ELLEN & WILLIAM CRAFT : ETAZINI
HARRIET TUBMAN : ETAZINI
NOTE BYEN : Non ki pi wo yo se non lidè ki te pi popilè sou plantasyon yo. Te gen plizyè milyon kaptif ki te goumen kont lesklavaj, men zansèt nou sa yo nou pap janm konnen non yo, paske yo pa anrejistre okenn kote nan okenn achiv e genyen tou ki te batay men listwa bliye yo.
Men nou menm nou pa dwe janm bliye yo nan lespri nou.
Se pou n toujou montre nou pa bliye yo, nan kenbe memwa yo vivan atravè bon jan pratik, sajès ak tout kalte eritaj materyèl e imateryèl yo kite pou nou. Se pou n toujou limen bouji pou yo jan nou konn abitye fè sa nan kilti pa nou. Se pou n toujou onore ak respekte non yo ak tout kalite eritaj yo kite pou nou, menm jan ak tout pèp ki respekte tèt yo ak sa yo ye toujou fè.
« Ala mizè yo fè n pase, paske zansèt nou reklame egalite, fratènite ak libète nan yon sosyete.
Endepandans pa tolerans, li vin avèk anpil soufrans. Yo fè n peye avèk vanjans, pou nou pa janm gen delivrans. »
– TABOU COMBO (Mizik : Rumba liberté)
LI ATIK SA A TOU : ÒTOGRAF HAYTI ; POUKISA ?
Apre tout batay nou fin mennen pou retire chèn lan nan pye nou, nan senti nou, nan men nou ak nan kou nou, ebyen finalman nou pote laviktwa.
Men, sa pa vle di nou fin batay, paske di e pwouve nou granmoun tèt nou pa garanti yap respekte dwa nou antanke moun ni antanke pèp.
Menm apre lendepandans majorite nan nou, nou te oblije kontinye ap goumen pou nou rete vivan e sitou pou nou ka kontinye viv nan respè, ak diyite.
Jodia, fòn kwè batay la pran lòt fòm, sa vle di moun nan tout sektè tout kote ap goumen ak mwayen yo genyen pou kòz la, sitou ak emèjans nouvo teknoloji yo sou diferan platfòm yo. Sa ba nou plis opòtinite ak pouvwa toujou pou nou veyikile enfòmasyon e fè tande vwa nou, paske se pa sèlman yon konba politik, li kiltirèl tou.
E nan sans saa koze enfòmasyon an se yon gwo atou, paske se konnen pou nou konnen, pou nou sispann pran zannanna pou sizàn.
Zansèt nou yo fè listwa mond lan pa gendwa janm bliye deja, pandan pat gen tout mwayen sa yo nan epòk yo a, e ti fèb mwayen ki te genyen yo, zansèt nou yo pat gen aksè ak yo.
Yo pat gen aksè ak enfòmasyon ni ak fòmasyon tou.
Gen gwo konplo kap fèt jounen jodia, yap itilize tout strateji posib pou yo efase memwa nou, pou nou bliye kiyès nou ye chak jou pi plis, nan kochotri ak falsifikasyon listwa.
Men, laverite se tankou limyè, ou pa ka kache l pou lontan. E nap toujou kesyone tout sak parèt sispèk, tout vèsyon ki parèt enkoyeran, tout sa ki pa fè sans pou nou.
Se yon lòt batay nou ka genyen ankò.
« Lè yon pèp pèdi memwa l, li tankou yon bato san gouvènay, yon machin ba direksyon l kase. Lè nou pa ka rekonèt tèt nou nan pwòp istwa pa nou, paske transmisyon li pa fèt, nou tounen yon nanchon kannannan ki bliye rasin li ak pwòp valè kiltirèl pa l, yon nanchon kap viv nan yon savann dezole, kote tout bèt, tout plimaj ka vin galonnen jan yo vle, lè yo vle epi fè nou kwè sa yo vle. » – YOLE DEROSE
Kounyea men lis non seri Fanm ak gason vanyan ki pi resan ki tap milite e ki toujou ap milite (gen nan yo ki vivan toujou) nan mond lan kont sistèm enjistis, sistèm peze souse ki toujou anpeche nou viv kòm moun lib e ak diyite.
- MEN LIS LA :
NELSON MANDELA : AFRIK (AFRIQUE DU SUD)
MARTIN LUTHER KING : ETAZINI
MALCOLM X : ETAZINI
NINA SIMONE : ETAZINI
PATRICE LUMUMBA : KONGO
SAFIA ENJOYLIFE : (aktyèlman sou rezo yo. (Afrique réssurection)
STELLIO CAPO CHICI yo konnen tou sou non KEMI SEBA : AFRIK
ROSA PARKS : ETAZINI
COLVIN CLAUDETTE : ETAZINI
BAYINAH BELLO : HAYTI
Nioussérê Kalala Omotunde : GWADLOUP