VodouNation_21 Nation

SOUP JOUMOU

Premye janvye 1804 reprezante jounen endepandans premye repiblik nwa nan mond lan ki se Hayti.

Se yon jounen Haysyen alawonnbadè selebre, se yon jounen ki raple nou fòs kouraj nou kòm pèp, se yon jounen kote nou komemore zansèt nou yo ak batay yo te mennen pou dwa ak libète nou sou zile a ak moun nwa nan lemond antye.
Nou sele jounen sa a tou ak yon soup joumou koupe dwèt, nou konn rele soup lendepandans.

Enperatris, Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines, se potorik fanm ki kreye soup sila.
Enperatris la te mete anpil enterè nan edikasyon, lajistis e sitou lasante. Listwa rapòte li te vle kreye yon manje ki rasanble yon pakèt vitamin ak pwoteyin pou kenbe sòlda fanm ak gason vanyan ki te goumen pou libète aprè batay Vètyè. Se koz prensipal ki fè konpozisyon orijinèl soup la pa gen vyann ladann. Kèk espesyalis ki te al fè rechèch nan laboratwa fè konnen, joumou Hayti an gen 127 diferan eleman nitritif ladanl. Ak anviwon 4 diferan anzim, yo fè konnen lè yo kwit soup joumou an ak vyann li rale prèske tout anzim ki genyen nan joumou an, sa vin fè li pèdi nan kalite l ak fòs li. Espesyalis yo menm dekouvri, lè yo prepare soup la ak resèt orijinèl la, aprè yon moun fin bwè soup sa a, si l pase 20 jou li pa manje anyen, sa pap deranje sistèm li twòp. E si yon moun sot pase anpil jou li pa manje oswa li pa byen manje tou, soup joumou ak resèt orijinèl la, se yon bon rekòmandasyon.

Soup la reprezante lespri pataj ak tèt ansanm ki nan mitan nou egalman, sa vle di, soup la se soup tout moun. Dayè, gen kèk istoryen nan rakontay ki fè konnen, se lè nou fè soup la nou pataje l nou ka rele l soup lendepandans.

Soup lendepandans Haysyen an se yon veritab richès zansèt nou yo kite pou nou. Lemond konnen sa, “UNESCO” pral kore lide a, nan lane 2021 lè yo te deklare soup joumou patrimwàn  kiltirèl imateryèl Limanite.

Nan tout eritaj zansèt nou yo kite pou nou.
Nou toujou jwenn egzanp tèt ansanm, lanmou ak pataj. Se sa yo ki montre nou nan kisa nou dwe chita enterè kolektif nou kòm pèp.
Se nan zansèt nou yo, nou rekonèt tèt nou. Se nan chimen yo trase pou nou nap mache.
Chimen lanmou.
Chimen tèt ansanm
Chimen pataj
Chimen limyè.

Bedjina Figarot (Ariah)
Chèchez Istwa ak kilti pèp nwa

si w renmen l pataje l

Facebook
Twitter
Pinterest

Lòt atik ki ka enterese w

Translate »