VodouNation_21 Nation

Lè w swiv prensip vodou ki se respè, lanmou ak lwayote, vodou ap ede w travèse tout kafou nan lavi a. Lap akonpaye w depi nan vant manman w  pou jouk lè w travèse.

Lèw ansent

A pati de moman yon fi ansent, li gen responsablite prepare yon kò pou yon nanm vin abite. Pandan 9 mwa, lap gen pou li itilize kapasite fizik, mantal epi espirityèl li pou asire l ke nanm kap vini an jwen yon kò ak yon espri fonksyonèl e adapte a misyon nanm lan ap vin fè sou tè a. Li donk enpòtan lè paran ti moun sa a eseye konprann ki nanm kap vini. Menm lè pwosesis la otomatikman natirèl, konesans ka ede anpil. Tradisyon enpòtan!

Lè timoun lan fèt

Jou timoun lan fèt la, se jou sa a nanm li antre sou li ak tout enèji lap bezwen pou li viv. Avan sa, li tap viv sou enèji manman an e se nanm manman ki te bal lavi. Nanm pal te blije tann paske 2 nanm paka ansanm anndan menm kò. Devwa pa w kòm paran, se prezante timoun lan devan bitasyon fanmi an, bò manman ak bò papa. Règleman sa a rele ANDOYE.

Lè ou dwe pran responsablite tèt ou

Moman ki pi enpòtan nan lavi, se lè w pran kontwòl tèt ou. Jou sa a, wap gen pou konfime swa ou aksepte wout paran w te chwazi pou ou, ou byen wap chèche wout paw selon misyon w. Nan moman sa a anpil moun reklame ou byen chwazi RANMASE LWA yo. Se règleman ki pi enpòtan nan vodou, malerezman yo neglije l paske yo pa konprann li. Se règleman ki pèmèt ou reklame tout liye zansèt ou, sa nou rele Bitasyon an.

Lè ou deside marye /plase

Plasaj ou byen maryaj se yon gwo desizyon ki konsène tout pati nan moun. Dabò se 2 kò ki met ansanm pou fè yon lòt, depi la si yo enkonpatib pitit yo fè a pap soti byen. Apre fòk yo asire 2 lespri yo ap aksepete youn lòt. An final, 2 bitasyon yo dwe antann yo. Menm jan gen tès medical pou garanti 2 kò yo matche, li konseye pou 2 moun yo konsilte gid espirityèl ki pou ede yo amonize bitasyon yo.

Lè ou mouri

Sa nou rele lanmò a se lè nanm lan ale. Kòm se li ki te vini ak enèji a, depil ale 2 lòt pati yo pa gen itilite ankò. Kò a dekonpaze tout swit, men espri a pran plis tan pou li disparèt. Gen pwosesis pou fè li rete pi lontan paske li gen anpil konesans ki ka itil. Se espri sa yo ki vin Sen, Gad, Pwen... nan vodou nou rele yo GEDE.

Lèw malad

Kèlke swa maladi a, kò w ekipe pou li repare l e trete li poukont li. Avèk anpil pratik, gen moun ki rive kontwole prosesis reparasyon an. Nou rele moun sa yo gerisè; ou pa jwenn yo fasil. Sa w jwenn pi souvan se moun ki etidye fonksyonman kò a e ki ka fè entèvansyon sou kèk pati ladann. Ougan, manbo ak doktè nan kategori moun sa yo, gen ladan yo ki travay avèk espri pou ede yo rezoud pwoblèm.

Lèw gen pwoblèm sosyal

Plis ke maladi, nou sèvi ak vodou pou nou rezoud anpil pwoblèm sosyal. Malerezman, nou konprann espri yo ak lwa yo gen dwa antre tout longè nan lavi sou tè a. Règleman kosmik lan pa pèmèt sa. Menm lè Lwa yo gen tout pouvwa, yo gen bagay yo pa gendwa fè: 1) Yo pa gen dwa fè entèvansyon san envitasyon 2) Yo pa gen dwa poze aksyon kap deranje misyon yon nanm. Kan ta pou espri yo , yo limite ak ekperyans yo te fè sou tè a. Sosyalman , Vodou itil ou nan klere wout ou epi ede w nan pran desizyon kap bon pou ou. Ou ka sitou devlope kapasite kominike ak linivè nan twazyèm nivo ki kontwole 2 lòt yo.

Translate »