VodouNation_21 Nation

AYIBOBO POU OU FANMI Ayiti, plis ke tout kote abite ak anpil espri. Chak pèp ki vin sou zile a vini ak kolòn espri pa yo. Se konsa nou jwenn tout espri Taino yo ki te la anvan, apre kolon yo debake ak espri pa yo, apre sa se te tou pa 21 nasyon afriken yo ki chak te gen eskòt pa yo, an final nou vin jwenn arab yo ki pat kite zansèt pa yo dèyè, lè yo debake sou zile a. Wap jwenn espri sa yo abite nan dlo, gwòt yo, lanmè a ak plizyè lye sakre nan peyi a. Konsa tou wap jwen anpil nan yo te deside abite nan fò nou yo ak nan lye istorik nou yo.
Nou eseye fè yon lis ak sa nou konnen yo, si ou menm ki la wè youn nou pa mete, ekri nou sou: admin@vodounation.com Mèsi anpil. Nan nenpòt sit sa yo ou ale di w limen balèn ou pale, wap jwenn repons. Nou ankouraje w vizite sa lide w di w la.

One Response

Leave a Reply

Translate »