VodouNation_21 Nation

ÒTOGRAF HAYTI – POUKISA ?

Jis Avan yo te asasinen papa nanchon an, Jan Jak Desalin, li menm ak tout ekip li te gentan etabli règ ak prensip pou fonksyònman peyi d’Hayti. Yo te kalkile tout bagay soti nan A rive nan Z, anyen pat echape yo.

 

Yo te gentan gen vizyon yo klè nan tèt yo de ki kalte peyi yo te vle kite pou jenerasyon kap vini yo.

 

Se te yon vizyon ki chita nan kosmogoni Haysyen an, sa vle di, vizyon an te chita nan pèsepsyon nou genyen de mond lan kòm pèp, dayè se sa tout pèp ki respekte tèt li fè.

 

Chak pèp sou latè gen yon fason yo wè e konprann mond lan, pèsepsyon sa yo chita nan sajès espirityèl, nan memwa ak eritaj zansèt yo.

 

Se sa ki fè, tout pèp ki respekte sa rive devlope peyi yo. Se vre devlopman yon peyi se plis yon bagay syantifik pase tout lòt bagay, men devlopman yon peyi ki granmoun tèt li dwe konstwi sou baz kiltirèl pa l, paske si nou vi n devlope tèt nou, epi nou pa rekonèt tèt nou nan devlopman sa a, nou pèdi idantite nou ladan l, nou kiltirèlman pa egziste ankò, e kòm kilti yon pèp se nanm li, donk nap pèdi nanm nou. Se nanm lòt pèp kap viv nan nou e nan ka sa a nou montre aklè nou rejte, abandone e krache sou jefò zansèt nou yo te fè pou nou.

 

ISTORISITE AK ORIJIN

Rèn Anakawona

 

Listwa rapòte, non HAyti a te gentan egziste depi sou tan tayino yo, arawak yo, yo te bay yo ti non Po wouj e lè kristof kolon te debake sou zile a, vin piye, vin gagote, vin touye zansèt nou sa yo, li te rele yo endyen.

Paske objektif vwayaj Kristòf Kolon an se te pou li al chache e jwenn peyi End, lè Kristòf Kolon rive sou zile a, li pèswade se End li jwenn epi depi lè a pa gen pyès moun ki te ka retire koze konsa nan tèt li ankò. Se konsa abitan yo pote non endyen apati 1492.

 

Men pèp sa a ki tap viv lib e libè, byen òganize nan lapè sou zile a te batize zile a Kiskeya, Bohio ak Babek ki vle di gran peyi, nan lang pa yo.

Yo te rele zile a Hayti tou ki vle di, tè ki gen anpil mòn. Men, nan fouye zo nan kalalou nou jwenn nan lang Arawak yo Hayti vle di tou TÈ KI OBLIJE W ANTRE ANNDAN W POU W VIN SA W DWE YE A.

Lè n fè yon kout pye an Afrik, nan chache konnen nou jwenn Hayti nan lang Fon vle di : SA K FIN FÈT LA PAKA DEFÈT.

 

 

LI ATIK SA A TOU: GOUDOUGOUDOU vs SIPÈSTISYON AK DON ENTÈNASYONAL

 

 

KI ENPÒTANS POU NOU KENBE ÒTOGRAF LA JAN LI YE A ?

 

Janm te deja di l pi wo a, se sou vizyon kosmogonik nou pou nou bati sa nou ye a kòm pèp. E lang yon pèp lye dirèkteman ak vizyon li genyen de mond lan.

Dayè se sa ki fè nou pral ka kreye mo pou nou deziye diferan eleman nan lanati ak detèmine ki rapò nap genyen avèk yo.

Pa egzanp, rapò nou genyen ak tè a, ak dlo, ak dife, ak bèt, ak pyebwa se pa yon bagay ki inosan nan espirityalite nou. Se fason nou wè, konprann ak pwoteje yo ki fè nou jwenn sekrè ki nan yo pou nou mennen e òganize lavi nou sou tè a, e tout bagay eleman sa yo revele nou, montre nou kòman nou dwe mache nan pwosesis kwasans espirityèl « kolektif nou » ak kilti nou antanke pèp.

 

Lang nan ki se eleman ki pi enpòtan nan kontèks sa a, li chita sou menm vizyon an, se yon eritaj zansèt nou yo kite pou nou, nou dwe toujou onore.

Nou menm antanke eritye nou genyen kòm devwa pou nou kenbe l vivan, kontinye travay sou li e fèl evolye kote sa nesesè. Se la a li vin pi enpòtan toujou pou mete aksan sou kèk bagay ki deja byen chita e ki pa bezwen okenn chanjman.

 

Non peyi nou ak tout òtograf la se eritaj de (2) kalite pèp mete ansanm epi fè nou kado. Nan sousi pou nou respekte jefò yo nan tout splandè li ak konsève memwa yo, li enpòtan pou nou kite l janl ye a. Hayti.

Dayè nan orijinal premye konstitisyon nou aprè n fin deklare nou se granmoun tèt nou se konsa Papa nanchon an te ekri non peyi a : HAYTI

 

ÈSKE SE YON BAGAY KI BANAL ?

Non se pa yon bagay ki san enpòtans ni se pa yon blag, paske tout sa k chanje pèdi nan fòs orijinèl li, sitou nan kontèks li chanje a, ak sila yo ki chwazi chanje l la.

 

LI ATIK SA A TOU: 6 JANVYE JOU LÈ WA ?

LÒT ASPÈ

 Kounyea nan fonetik, sentaks ak konstriksyon lòt lang lòt nasyon ka pwononse l e ekril selon lang yo pale. Men nan baz pa nou sa pa gendwa chanje.

 

Epi opwennvi istorik ak kiltirèl lè nou kite yap chanje sa n ye pou nou, se la a nou komanse pedi tèt nou e nou konnen nan kilti nou, non se pa yon senp bagay konsa konsa. Non nou chwazi, li charye yon veritab fòs ak istwa. Pou nenpòt kisa ak nenpòt kiyès nou chwazi non pou li a.

 

Sou menm pwennvi istorik, kiltirèl e la a map ajoute politik, lè nou ap aksepte konstwi sa n dwe ye a oswa sa n dwe vin ye a sou rega zòt, se tèt nou nap afebli sou tout plan sa yo.

 

Fòn leve eskanp figi n pou n defann sa n ye ak sa nou aspire pou n ye.

Men sa a se jis yon rapèl paske nou te gentan tonbe dakò sou kiyès nou ye 14 dawout 1791 e nou konfime se sa n ye toutbon vre 18 Novanm 1803 nan batay vètyè. Epi nou deklare sa 1 janvye 1804.

 

Se yon pèp konsa pou n rete.

Se bèl egzanp zansèt nou yo kite pou nou na p swiv, Se nan sa fòs nou chita e nou konnen sa.

 

LI ATIK SA A TOU: SOUP JOUMOU

 

Bedjina Figarot (Ariah)
Chèchez istwa ak kilti pèp nwa

si w renmen l pataje l

Facebook
Twitter
Pinterest

Lòt atik ki ka enterese w

Translate »