VodouNation_21 Nation

Kote granmoun kay sa a?

Men yon bèl kesyon tout ougan, manbo ak tout sèvitè Loa ta dwe poze tèt yo: “Kot Granmoun ki Responsab Kay sa a?”

E kesyon sa a ta dwe pouse nou al reflechi sou sitiyasyon ak responsablite, nou menm, kòm moun, oswa kòm dirijan, k ap viv nan yon espas, ki rele lakou, bitasyon, osinon katye, zòn, depatman oubyen peyi.

Se yon kesyon ki ta sipoze mennen nou pi lwen toujou, jis nou mande tèt nou poukisa sosyete ayisyèn nan ak tout peyi, kote n ap viv la, tonbe ba konsa?

Pliske nou toujou di nou se granmoun, e kay granmoun gen lòd, èske l pa ta lojik pou nou ta chèche konnen si nou pa koupab tou nan degrenngolad sa a?

Mwen pa kache di nou kesyon sa a ap brase bil mwen depi byen lontan, men li te vin plis ap tingting mwen toujou depi lè yo te rapòte m yon lòt kesyon yon gwo potanta etranje, ki se ansyen prezidan franse, Nikola Sakozi, te poze nan okazyon yon vizit li te rann peyi Dayiti, nan dat 17 fevriye 2010.

Devan sitiyasyon malouk, malsite ak ensekirite tout kalite, (lavi chè ki rann moun pa ka manje, pa gen dlo, ni kouran, lopital tounen mòg tou louvri, kò sansinay k ap fèt pou rezon politik ak lòt rezon ankò) li te wè pèp Ayisyen an ap viv, alòske nou pretann peyi a gen dirijan, kidonk, gen granmoun nou te chwazi nan eleksyon pou dirije l, li te oblije mande: “Où sont les Templiers de ce Pays?”

Menm lè nou pa poze yo nan menm lang, de kesyon sa yo rale mete sou tab diskisyon yon sèl grenn pwoblèm lan, ki se pwoblèm moun ki inisye oswa ki pwofonde nan mistik, ki di yo se granmèt, men ki pa pran responsablite yo pou yo konstwi, veye, pran swen ak defann tanp lan, ki vle di kay la nan langaj pa nou.

Kay la, gen dwa se lakay pa w ak tout fanmi k ap viv sou responsablite w, li ka lakou vodou, bitasyon ak demanbre ou gen responsablite pou w dirije kòm ougan, manbo, sèvitè; oubyen w ka jis yon kaplata yo mete la pou w gide ak akonpaye eritye Loa yo gen pou yo chwazi pou vin fè kay la mache, lè yo prezante tèt yo.

Sof ke, pou sa ki konsène tanpliye Nikola Sakozi yo, nou plis sispèk li t ap pale de yon gwoup moun ki se manb yon kò sosyete (mistik) byen patikilye, ki gen yon misyon byen detèmine. N ap retounen sou pwen sa a ankò, pi lwen nan tèks la.

Pou nou byen antre nan nannnan kesyon ansyen prezidan franse a, n ap kòmanse pa di w yon tanpliye se yon sòlda ak epe nan men, ki te fè pati yon kò sosyete yo te rele l’Ordre du Temple, ke yon chevalye franse, Hugues de Payns, ansanm ak otorite Legliz Katolik yo epi plizyè gwo chabrak blan kretyen te fòme nan lane 1129. Yo te bay sòlda tanpliye sa yo gwo inisyasyon, epi fè yo jire sou labib ak sou epe yo pou yo te konsakre lavi yo pou yo akonpaye ak pwoteje kretyen ki te konn al fè gwo pelerinaj, soti ann Ewòp pou y al bout lavil Jerizalèm, nan peyi Izrayèl.

Sòlda sa yo ta pral vin gen kòm misyon sitou pou yo pwoteje Tanp Jerizalèm lan, ke yon wa jwif, yo te rele Salomon, te konstwi pou lapremye fwa nan dizyèm syèk anvan Jezikri, pou pèp li te ka vin adore Bondye Jwif yo.

La a, nou nan yon peryòd nan listwa kote te gen gwo tansyon ant kretyen yo ak Arab mizilman yo, ki te gen lontan deja depi yo t ap mache pran anpil lòt peyi, ann Oryan ak ann Oksidan. Sa te kòmanse depi nan lane 633.

Mizilman yo se yon lòt gwoup kwayan, ki fè pati yon relijyon yo rele Lislam. Kretyen yo ak mizilman yo te nan gwo chirepit pou yo konn kiyès nan yo de a k ap rive mete lavil Jerizalèm anba dominasyon l.

Kretyen yo ak mizilman yo, yo toulede deklare yo se pitit yon sèl grenn papa Abraram nan, men sa pa t anpeche yo mare goumen, paske yo chak kwè yo gen plis dwa, plis konesans, oubyen doktrin (levanjil) yo gen nan men yo a pi bon pase pa lòt la!

Mizilman yo, menm jan ak kretyen yo kwè anpil nan epe (oubyen nan zam) yo, paske pou yo se li k ap fè yo rive mete tout lòt pèp sou latè ajenou jouk yo fè yo aksepte adore nouvo Bondye yo pote ba yo a! Nou sonje kijan Legliz Katolik, pa egzanp, te konn apiye l sou Labib pou li te jistifye lesklavaj ak tout imilyasyon, tòti epi masak kolon blan ewopeyen yo te konn fè sou nèg nwè yo te konn al rache pa pil pa makòn nan peyi yo, sou kontinan afriken an. Lesklavaj se yon krim kont limanite Legliz ak Leta nan peyi blan ewopeyen yo ta pral kontinye fè sou nou pandan plis pase senksanzan. San konte tou yo te konn lave sèvo zansèt nou yo, pou yo te fè yo kwè depi yo pa gen po blan, ni yo pa kretyen, yo pa fouti moun.

Si pou kretyen yo, Jerizalèm se peyi kote Jezi te fèt, e Jezi se sèl grenn pitit Bondye y ap sèvi a, alòske Jerizalèm reprezante plis pase yon vil sen; pou yo, li se peyi Bondye menm!

E bò kote pa yo, mizilman yo rete kwè Bondye pa fè pitit. Jezi se jis yon pwofèt, ki te vin fè yon gwo travay sou latè, men se Mawomè, ki se pwofèt ki te envante relijyon Islam nan menm, se li ki te vin fin akonpli travay sa a. Pou yo Mawomè se yon pi gwo moun toujou pase Jezi. Li se dènyè ak pi gwo pwofèt ki t ap viv ak mache preche sou latè beni.

Men, pliske mizilman yo rekonèt Jezi kòm yon pwofèt nan relijyon pa yo a, epi misye te fèt nan vil Jerizalèm, ki se yon vil ki sen pou yo tou, alòs ke yo te gonfle ponyèt yo pou yo te mache pran vil sa a!

Nan peryòd n ap pale a, pouvwa espirityèl ak pouvwa tanporèl te makonnen. Sa vle di Legliz te mare sosis li ak Leta pou yo te dirije anpil nan peyi blan ewopeyen yo, pou y al simaye levanjil, men sitou, anba kouvèti menm levanjil sa a, yo t ap defann enterè peyi blan kretyen sa yo, ki t ap mache eskwoke richès tout kalite nan tout lòt peyi ki pa t kretyen, toupatou sou latè.

Mwen vle raple nou mwen te ekri pi wo nan tèks la nou sispèk Nikola Sakozi te vle di yon lòt bagay an soudin lè li te pale de tanpliye yo. Se kisa l ye menm?

Si nan premye siyifikasyon l, mo tanpliye a vle di yon sòlda ki te pran fòmasyon ak inisyasyon, epi ki te resevwa benediksyon Legliz Katolik ak plizyè wa blan ewopeyen pou l t al pwoteje peleren kretyen yo epi defann Tanp Jerizalèm nan, mo sa a konn gen sans yon inisye, ki gen konnen an nan men l tou. Pa ezang, mesye masonlòj yo oubyen moun ki inisiye nan Wozkwa yo souvan konsidere tèt yo kòm tanpliye. Dayè, 11 zyèm degre nan Wozkwa rele Degré du Temple.

Premye travay inisye sa a oubyen tanpliye sa a, se bati tanp lan, sa vle di li gen devwa pou l pran swen kò l, ke li dwe konsidere kòm yon tanp (oubyen kay) kote pwòp espri pa l abite. E se lè li byen bati lanp lan l ap rive kreye yon bon ekilib ant kò li ak espri l, sa k ap mete l nan yon nivo konsyans siperyè kote l pral dekouvri gras ak pwòp espri pa l li konekte oswa li fè youn ak tout lòt espri (ke nou rele sa nou pa wè yo nan Vodou a), k ap evolye ni sou latè, ni nan nenpòt lòt plan ki pi wo pase plan matyè a, nan inivè vizib ak envizib la.

Menm mo tanp lan tou ka gen yon sans ki pi laj toujou, pou li anbrase tout kay oswa tout espas, tankou yon legliz, yon lakou, yon bitasyon, yon moske, yon lòj, yon monastè boudis oswa yon peristil, kote yo resevwa, jouke ak sèvi gwo espri, ke nou menm nou rele gwo Loa nan Vodou a.

Donk, yon inisye oubyen yon tanpliye, nenpòt jan w vle rele l, yon novis, yon ounsi kanzo, yon granmèt, yon kadinal oswa yon ougan, yon manbo oubyen yon anperè, se yon moun k ap travay sou tèt li pou li rive nan yon nivo konsyans siperyè, ki ta sipoze pèmèt li gen je pou li wè, pi lwen pase yon senp pwofàn, nan avni pa l, nan avni lòt moun oswa nan avni sosyete, peyi, e menm nan avni mond kote n ap viv la.

Epi tou, kòm inisye/tanpliye sa a pretann li gen konnen an nan men l, kidonk li etidye ak metrize lwa natirèl ak fòs esprityèl ki kenbe ekilib inivè yo, li ta dwe kapab aplike menm lwa sa yo tou pou l asire yon bon ekilib nan pwòp lavi pa l. E pliske, li se yon moun k ap evolye oubyen ki gen responsablite nan yon espas, ki rele legliz, presbitè, obedyans, lòj, lakou, bitasyon, peristil, e menm nan yon chan ki pi laj, nou ka menm di yon peyi, inisye sa a dwe kapab asire amoni ant gwo fòs k ap aji oswa k ap fè kolizyon nan peyi sa a.

N ap fini premye pati ti tèks refleksyon sa a ak menm kesyon Nikola Zakozi a, men, fwa sa a, n ap poze frè masonlòj ak wozikrisyen nou yo l dirèkteman, dèske nou konnen yo se granmoun ki gen je pou yo wè lwen:

“Où sont les templiers de ce pays?”

Kesyon sa a gen tout plas li, sitou lè nou konnen se frè mason nou yo menm, kòm granmèt ki pwofonde nan mistik, ki toujou bay prezidan ki monte sou pouvwa nan peyi Dayiti yo grad, apre grantoryan Legliz Katolik yo fin chante bèl tedeyòm pou yo.

Kanga Bayovi
Sèvitè

si w renmen l pataje l

Facebook
Twitter
Pinterest

Lòt atik ki ka enterese w

Translate »