VodouNation_21 Nation

Ou antre nan lakou kote 21 nanchon yo rete.
Kote nou respekte lavi, nou viv an fanmi e nou renmen peyi nou.

Jete twa gout dlo pou salye bitasyon zansèt ou bò manman ak bò papa epi achte yon pòch Kòmilfo pou Lwa yo. Nap resevwa w avèk lonè e nou swete ou ale avèk respè pou tradisyon ansestral ayisyen an. Dèyè mòn toujou gen mòn, konsa tou, chak imaj sou Vodounation ouvri yon pòt kap ede w dekouvri anpil aspè nan vodou. Pran san w, pa prese, sa w ap aprann jodi a gen pou sèvi w pou tout tan. AGO, AGOSI,AGOLA

tout lafimen pa menm

Konnen ki fè

Ou pa wè anwo, ou pa wè anba, ou pa konn si pou monte si pou desan, wap chèche limyè. Pitit Papa Loko yo la pou ede w. Nou rasanble enfòmasyon sou ougan, manbo, sèvitè e latriye...

Anba Tonèl

Rete konekte ak tout aktivite nan kominote a: dans, liminasyon, fèt, kanzo ... Adrès kote aktivite a ap fèt, dat, kondisyon...

Pelerinaj

Lwa abite tout kote Ayiti, ou jwen yo nan lanmè, nan rivyè, nan gwòt. Yo prezan tou nan anpil lye istorik zansèt yo te bati. Vodounation prepare pou ou yon lis kote ou ka fè pelirinaj.

Channmas

Devan Bawon, se la tout plent depoze, se la tout pawòl pale. Dosye ki enpòtan pou kominote a ak nasyon an dwe diskite la a.

BOTANIKA

Magazen sèvitè Lwa yo...

VODOU- chèche nap chèche

Pa gen Ayiti san vodou. Aprann konnen istwa ak siyifikasyon tradisyon zansèt nou yo.

Panteyon

Chak nasyon ki rive sou zile a, vini ak lwa pa li. Vodounation rasanble sa li konnen yo pou ou ak tout karakteristik yo pou konn kijan pou noble yo.

Remèd, Règleman, Resèt.

Ou gen dwa pa yon ougan chita men ou vle konn kijan pou itil tèt ou ak fanmi w. Voudounation ap akonpaye w nan tout etap lavi a. Nap eksplikew regleman enpòtan ki gen nan vodou a, nap baw resèt manje "Lwa" yo manje epi nap aprann ou fè remèd pou tèt ou. tout bagay yo disponib nan la nati.

Mizik

Ankouraje atis nou yo, achte mizik yo!

Mwen se moun !

Mwen gen kò, mwen gen lespri, mwen gen nanm.

Grandèt la banm pouvwa ak mwayen

Pou mwen fòtifye kòm,

Anrichi lesprim e pirifye nanm mwen.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Mwen se ayisyen !

Mwen se eritye 21 nanchon.

Mwen gen san 21 nanchon kap koule nan venn mwen.

Mwen gen fòs 21 nanchon nan kò mwen.

Mwen se ayisyen !

Mwen se pèp ki batay pou libète tout kote nan mond lan.

Map mache sou chimen zansèt mwen, ki te deklare la gè

Kont tout sistèm esklavajis, kolonyalis nan mond lan.

Mwen se Ayiti !

Premye tè libète,

Tè ki pou tout moun lan,

Tè kote pa gen moun pase moun.

Mwen se Ayiti !

Tè kote tout moun dwe jwenn kè kontan,

Nan lanmou ak lapè.

Se sa ki te di !

Se sa ki dwe fèt !

Ago ! agosi ! agola !

 

 

 
Translate »