VodouNation_21 Nation

Si w vle pale de Haiti, ou gen 2 aspè pou konsidere, e tou 2 afekte pèp nou ye a anpil.

  1. Dabò ou gen pou konsidere aspè jeografik la, ki vle di istwa tè  a li menm.
  2. Answit nou ka pale de moun kap viv sou tè a ki vle di istwa pèp la.

Se 2 istwa diferan ki makonen pou ban nou sak rele Ayisyen an. Lèw konprann yo menm yon ti gout, wap kòmanse konprann pèp ayisyen.

ATLANT

Moun ki etidye istwa latè antann yo sou teyori kolizyon ki te fèt ant planèt la ak yon asteroyid nan tan lontan. Kolizyon sa a te fèt kote lanmè karayib la ye kounye a, e se li ki eksplike prezans lanmè a ak fòmasyon zile antiy yo: Kiba, Ayiti, Portoriko, ak tout kolòn ti antiy yo rive jouk Venezwela. Gen moun ki kwè kote lanmè a ye kounye a te gen yon kontinan kote Atlant yo te rete e se kolizyon an ki disparèt yo.

AYITI/KISKEYA/BOYO avan 1492

Dapre sa nou konnen, premye abitan zile a soti 3 kote: 1- Gen yon kolòn moun ki te soti zòn Venezwela ki pase pa ti zantiy yo. Yo te rele tèt yo Taino e yo te plis pase tout lòt yo. 2- Gen yon pati moun ki soti Florida travèse kiba pou rive la. Pami yo te gen Arawak ak Karayib 3- Anfen, nou panse gen yon ekip ki te soti an Afrik travèse gwo lanmè epi vin tabli yo sou zile a.Yo di se jwif nwa yo te ye ki tap kouri pou pèsekisyon.

HISPAYOLA 1492-1695

A pati 5 desanm 1492, lanfè zile a ta pral kòmanse. Espayòl yo te debake. Premye zak yo se te plante yon kwa sou zile, depi lè sa tribilasyon kòmanse. Nan fouye pou jwenn lò pote bay Pap la, mesye sa yo touye depi se moun ki tap viv sou zile a, lè yo pat jwenn taino ankò yo kòmanse bwote afriken vin travay sou zile a. Espayòl yo prije zile a pandan 200 zan, apre sa, yo pase yon moso bay Lafrans. Nou te konprann Espayòl yo te dyab, nou pot ko konn Fransè yo

SEN DOMENG 1695-1804

Nou pa fin su kiyès ki envante lesklavaj, men nou konnen pa gen pèp ki te pi fò ladann pase blan franse. Blan sa yo pat gen parèy. Jouk kounye a afriken nwa ap pase mizè anba yo. Nèg sa yo aplike sistèm esklavajis la nan gou jezi. Yo te gen yon teknik al pran afriken diferan kote, yon mannyè pou yo pat antann yo, yo te asire yo afriken yo pran yo te deja nan kont youn ak lòt. Se te byen konte mal kalkile paske se konsa nou vin genyen 21 nanchon vodou ki ta pral chanje istwa mond lan.

HAYTI 1804-XXXX

Pi gwo erè blan yo te ka fè se fose pèp afriken yo fè pitit antre yo, se konsa tout bitasyon yo vin fè youn. Mete sou sa, yo kwaze yo ak Taino yo ki vin bayo plis fòs. Dènye kou ki tiye koukou a se lè blan yo nan fè kadejak sou negrès yo, yo fè pitit ak yo. Aksyon sa vin bay esklav afriken yo dwa sou tout eritaj mistik pèp ewopeyen yo. Bouyon sa al nan chodyè 14 daou 1791, li vin pete nan figi yo 18 novanm 1803 epi li monte tab premye janvye 1804.

Leave a Reply

Translate »