12 janvye 2010 se yon jou ki rete grave nan memwa tout Haysyen, patikilyèman moun ki te nan vil pòtoprens.
Se te yon jou madi vè 4è aprè midi, te gen yon gwo tranblemantè ki te frape vil la, ak yon manyitid 7.0 li te dire yon minit men se te tankou yon etènite. San konte kèk sekous nou te santi plis sa jewològ yo te idantifye men nou pat fòseman resanti.
Poutan se pa premye tranblemantè ki frape vil la. Listwa anrejistre plizyè lòt nan dat sa yo, 1684 – 1734 – 1751 – ant 1770 a 1771
Men 12 janvye 2010 pou nou menm ki te viv li, li kite gwo sikatris sou kò nou ak /oswa nan kè nou. Paske seyism lan kraze byen materyèl nou epi l efase moun nou renmen bridsoukou nan lavi nou. Lafwa nou ak espwa nou te pran yon gwo kou.
Depi lò nou pi pèdi toujou nan chache tèt nou, nou pa konn sou ki branch pou n apiye, nou pèdi rasin nou.
ÈD IMANITÈ ?
9 mwa aprè seyism lan enstans konsène yo anrejistre anviwon 1300 kan ak yon estimasyon 1 milyon 300 mil moun ki pat gen kay pou yo rete, san konte santèn mil moun ki te pèdi lavi yo ak moun ki te blese.
Peyi a te resevwa anpil don nan men kominote entènasyonal la pou rekonstriksyon vil la.
31 mas 2010 te gen plis pase 100 peyi ki te reyini nan syèj nasyonzini nan non Hayti. Aprè konferans sa a, tout peyi reyini yo te pwomèt 10 milya dola anviwon, san konte don endividyèl ak don ki te soti nan sektè prive lòt òganizasyon mondyal ak ONG yo.
Aprè tout don sa yo nou te anrejistre 15 milya dola ki pou te sèvi pou rekonstriksyon vil la.
Aprè 14 lane sitiyasyon nou vin pi mal pase avan.
Vil lan pa rekonstwi, pèsonn pa konnen ki kote tout lajan sa yo pase paske jiskaprezan gouvènman nou yo ak òganizasyon non gouvènmantal yo, sa vle di ONG yo, poko janm bay detay presi konsènan depans yo te fè sou don yo te resevwa yo.
Pa gen okenn kont ki rann ni okenn transparans konsènan depans tout sòm lajan sa yo, sepandan gen jounalis ki pa sispann fouye zo nan kalalou, kap chache konprann de ki mannyè ak ki mannigans.
Selon sous ki fyab, nou dekouvri Etazini pa egzanp ki te fè yon don ki te evalye apeprè a 1.6 milya dola, se gouvènman Etazini a ankò ki te benefisyè prensipal lajan sa a. sou chak 1 dola yo te pran yon kantite pousantaj pou òganizasyon lakay yo ki tap antre Hayti ak pou twoup militè yo tap voye nan peyi a. Se anviwon 1 pousan Hayti te vrèman resevwa nan swadizan sibvansyon finansyè gouvènman Etazini an.
PLIS DETAY
Nan 1.6 milya dola Hayti te sanse resevwa nan men Etazini kòm èd, te gen 655 milyon dola ki te sèvi pou ranbouse sèvis militè yo te swadizan ap ofri peyi a, 220 milyon te ale nan pati sante a, 350 milyon te ale pou USAID, plis 150 milyon te ale nan depatman agrikilti ameriken an pou konpanse yon swadizan èd alimantè yo te voye an ijans pou Hayti. Gen yon sòm anviwon 15 milyon ki te ale nan depatman sekirite enteryè Etazini an pou motif kouvrans frè imigrasyon.
A la fen, te rete yon afè de 300 milyon dola pou Hayti.
Menm la a toujou tout twasan milyon an pat depanse totalman nan enterè peyi a, paske majorite kontra pou kèk rekonstriksyon nan menm lajan sa a, se antrepriz ki baze Etazini ki te benefisye yo.
Nan tout sa, lajan ki ale nan administrasyon ONG yo pa konte.
Administrasyon ONG yo gen repitasyon koute ONG yo anpil opwennvi finansyè. Sa ki vle di, olye pou lajan yo depanse nan travay konkrè sou teren an, lajan sa yo ale pito nan pòch manb administratif yo.
Nan kontèks tout sòm 1.6 milya dola Etazini an pase a, se konsa prèske tout lòt don yo pase.
Èske nan ka sa a nou kapab di Hayti te vrèman resevwa 15 milya dola ? yon vrè pretansyon donasyon pou yon swadizan rekonstriksyon.
Ki rekonstriksyon ?
An 2011 ONU ak kèk lòt ONG te anvizaje fini ak konstriksyon 125 000 ti kay pou kèk moun.
Ki rekonstriksyon ?
Ki rekonstriksyon ?
Ki rekonstriksyon ?
« Lakansyèl kite pwent tete li trennen atè, vagabon fè chante sou li. » Georges Castera
GOUDOUGOUDOU NAN SIPÈSTISYON RELIJYEZ AK KILTIRÈL
Yon ti anekdòt : Aprè seyism lan gen anpil moun ki temwanye, yo tande yon bri ki fè goudougoudou pandan tè a tap tranble, Se sa ki koz depi lè sa a GOUDOUGOUDOU tou rantre nan vokabilè nou pou deziye tranblemantè.
Nan mitan pil soufrans sa yo ak meli melo politik, pèp la yon bò gen lòt preokipasyon relijyez.
Kote kretyen yo vle fè konprann se kolè bondye ki mete nou nan sa. Se sak fè aprè seyism lan, anpil ti legliz pran nesans ak anpil aktivite priyè.
Nou tèlman bliye kiyès nou ye, sa koz nou refize gade tèt nou si se pa nan miwa zòt. Nan vle sanble ak zòt twòp nap defòme sa nou ye a ofireyamezi epi se tan nap pèdi idantite nou tou.
Nou poko konprann se nan afè pa nou pou nou chache pwòp tèt nou paske se nan sa nap rekonèt nou, se anndan nou pou nou chache pwòp tèt nou paske se la nap jwenn nou. Si nap chache anndan zòt, se mòd lavi zòt nap jwenn, se sou konpreyansyon ak vizyon zòt nap bati mond nou, se kilti zòt nap jwenn. Nou pap ka chache tèt nou e jwenn li anmenmtan yon kote li pa ye.
Donk
Sou menm chimen egare ak pèdi tan sa a, nou vin ak vèsyon kopye kole pa nou sou analiz tèt anba zòt ap fè. Kote gen vodouyizan kap klèwonnen se lwa ki fache ki lakoz tranblemantè.
Detoutfason pa gen okenn agiman ki sanble ak sa yo ki kenbe paske gen eksplikasyon syantifik ki di klè tankou dlo kokoye efè ak kòz tranblemantè sa a ki te ravaje kapital pòtoprens lan.
LI ATIK SA A TOU: 6 JANVYE JOU LÈ WA ?
DIZON SYANTIFIK SOU GOUDOUGOUDOU
Malgre peyi a, patikilyèman vil pòtoprens konnen plizyè tranblemantè nan istwa deja, men 12 janvye 2010 se te pi gwo tranblemantè yo te anrejistre nan tout istwa a. ak yon manyitid 7.0 selon echèl Ritcher a.
(echèl Richter a se yon inite pou mezire fòs yon seyism, yon fizisyen e sismològ ameriken ki rele Charles Francis Richter te etabli nan lane 1935.)
Jou sa a pèp Haysyen toupatou nan mond lan te nan yon dezawa san parèy.
Selon jewograf, jewològ, sismològ ak lòt spesyalis nan domèn nan. tout zile a, sa vle di repiblik Hayti ak Repiblik Dominikèn, sitiye sou 2 plak tektonik, ki se : plak karibeyen ak plak nò ameriken an.
Plak sa yo gen yon seri fay ki absòbe yon seri enèji, aprèsa yo degaje konsantrasyon enèji sa yo natirèlman.
Sepandan
Lwès peyi a bati sou plak tektonik karibeyen an.
Plak tektonik karibeyen an gen yon fay yo rele ; Enriquillo-Plantain-Garden.
Fay sa a bloke depi 250 lane, sa vle di, fay sa a ap akimile enèji depi 250 lane.
12 janvye 2010 te gen yon dekwochman nan fay la, kote youn nan plak tektonik yo te soulve a anviwon 1mèt.
Jewològ yo fè konnen tip tranblemantè sa yo konn pase 1 lane ap bay ti sekous detanzantan. Yo sitou fè konnen fòk nou toujou atann nou ak gwo sekous tranblemantè konsa, paske gen gwo posibilite pou fay la kontinye fè yon seri dekwochman ki ka pwodwi tranblemantè nan menm nivo manyetid la e petèt menm pi plis.
Gen lòt ekspè tou ki fè konnen yo ta dwe kraze pòtoprens plat, pou yo rebati vil la nèt pandan yap pran tout risk sa yo an konsiderasyon. Epi fòk yo ta adopte yon fòm konstriksyon ki ka epanye pòtoprens tout dega sa yo nan ka yon evantyèl tranblemantè.
Si se pa konsa ebyen nou poko fin siye dlo nan je nou, nou poko fin pèdi lavi nou ak byen materyèl nou.
Sa tris, men pafwa m vrèman panse Hayti sanble tèt koupe ak pitit li sentaniz.
Souverènte nou ap pran gwo chaplèt marasa.
Mezanmi ! kilès kap vin wè Hayti nan gwo liv yo ?
Li ATIK SA A TOU: SOUP JOUMOU