Lwa
Lwa se lespri relijyon vodou a. Yo rele yo tou “Mistè yo” oswa “Sa nou pa wè yo” Yo sèvi kòm entèmedyè ant Kreyatè MawuLisa oswa gran Mèt la ak moun. Yo priye men tou onore ak sèvi selon gou yo ak atribi yo, atravè rit, ritm, sakreman, chante, dans, ofrann ak lòt sèvis espesifik. Lwa yo se divinite, yo se enkarnasyon bondye yo ki manifeste tèt moun sou plizyè fòm.
Senkretis
Kaptif afriken Dahomeyen yo ak plizyè lòt ki te soti sou kontinan Afriken an, Oyo ak Gine melanje sen katolik ewopeyen yo ak Lwa vodou orijinèl yo. Kidonk, Papa Legba gen karakteristik an komen ak Sen Pyè, Erzulie yo reprezante kòm Vyèj Mari, elatriye. Se houngan oswa ougan ki dirije seremoni yo ak manbo. Yo resevwa ofrann yo epi yo reponn demann yo. Yo trase vévés yo, desen senbolik, sou tè a.
Manje (Ofrann)
Manje yo mete devan lotèl onfò pou seremoni “manje lwa”, bèt ak manje yo. Pandan “dans” la, sou son tanbou ak chante, lwa yo rive nan espas sakre peristil la. Yo monte chwal yo. Fidèl yo antre an trans. Tou depan lwa k ap monte fidèl yo, odyans lan remèt li atribi li yo: yon glas ak bijou pou Erzulie Freda, yon kann, yon chapo pay ak yon tiyo pou Papa Legba, pa egzanp.
Lwa yo gen non diferan selon koneksyon yo ak fidèl yo:
- lwa-rasin: se rasin lwa, lespri fanmi eritye nan men yon paran;
- lwa-achte: se yon lespri ki achte pou efikasite li, men ki dwe sèvi ak ofrann ki koute chè anba penalite madichon;
- lwa-mèt-tèt : se lwa inisye yo, ki mete sou tèt yon moun pandan inisyasyon, li dwe retire anvan lanmò…
Fanmi Lwa yo divize an twa fanmi oswa nanchon: Rada, Petro ak Kongo.
Souvan, lwa yo pataje plizyè rit anba diferan aspè (gad diferan Erzulie, diferan Ogoun).
Rite Rada Soti nan Dahomey, panteyon Rada a jeneralman rasanble pi ansyen ak pi benefik lespri yo. Yo enkli Papa Legba, Loko, Ayizan, Damballah Wedo ak Ayida Wedo, Erzulie Freda, Mami Wata (Lasirèn), Azaka ak Agwe, men tou Gede. Koulè tradisyonèl yo se blan (ajoute nan koulè espesifik chak lwa yo endividyèlman).
Rite Kongo Li rasanble lespri Afrik Santral (Bantu). Li gen ladann Rèn Kongo, Wa Ouangol, Amine ak Danwezo (twa Wa maj yo), Simbi, Simbi Ganga, Simbi Andezo, elatriye. Rit la se lajwa, fèstivite ak debòday. Yo selebre li 15 Dawout, epi yo resevwa adorasyon espesyal nan Nan Soukri,(Gonayiv).
Rite Petro a pi resan, li reyini lespri kreyasyon kreyòl ki gen nan peyi a. Espri petro yo nòmalman se lwas ki cho, pi dife, pafwa agresif ak rebèl. Yo reyini ansanm Ezili yo,Marinèt,Ogoun yo, ak Kalfou. Koulè tradisyonèl yo se wouj.
Lòt rit moun pale sou li tou:
- Rit Nago: rasanble Ogou Yoruba yo, ki entegre nan rit Rada a;
- Zandò: rit sekrè ki kache nan mistè.
Lis lwa yo:Adjinakou
- Adya Houn’tò
- Agaouou Agao
- Agarou Tonerre
- Agassouou Agassu
- Agwé
- Anaisa Pye
- Anmino
- Awe
- Ayida Wedo
- Ayizan
- Azaka
- Bade
- Bacalouou Bakulu
- Badessy
- Baron Samedi
- Baron Cimetière
- Baron la croix
- Baron piquant
- Baron Criminel
- Belie Belcan
- Boli Shah
- Bossou Ashadeh
- Bossou Koblamin
- Boum’ba Maza
- Brize
- Bugid Y Aiba
- Captain Debas
- Chalotte
- Chango
- Clermeil
- Congo
- Conga
- Damballa
- Dan Petro
- Dan Wédo
- Demeplait
- Dereyale
- Diable Tonnere
- Diejuste
- Dinclinsinou Dinclusin
- Erzulie
- Filomez
- Guédé
- Grand Boisou Gran Boa
- Hounongon
- Ibo lele
- Jean Petro
- Jean Zombi
- Joseph Danger
- Joumalonge
- Kalfu
- Klemezin Klemay
- Krabinay
- Lembaou Limba
- L’inglesou
- Linto
- Mami Wataou La Sirène
- Loco
- Maman Brigitte
- Marassa
- Marinette
- Maroule
- Mombu
- Manze Marie
- Mounanchou
- Obatala
- Ogoun
- Papa Legba
- Petite pierre
- Pie
- Rada
- Savanne
- Senegal
- Silibo4
- Simbi
- Sobo
- Sousson-Pannan
- Senegal
- Taureau-trois-graines
- Tonerre
- Ti Jean Petro