VodouNation_21 Nation

E si se ta Zaboka ki te « fruit défendu a! »


Zaboka se a la fwa  yon fwi epi yon legim li soti nan Amerik santral  la, men pa bò isit nou chaje kote ki plen zaboka tankou nan Plato santral, Sid, Sidès, nan Grandans elatriye.
Kontrèman ak lot fwi yo, zaboka pa mi sou pye, aprè rekòlt yo konn toufe l anba sann cho, oubyen yo vlope li ak rad jouk li mi. Se pa sou koule l wap konn si li mi men pito lè w fè yon ti peze li.
Non zaboka a soti nan « Ahuacati » nan panyòl Meksiken li vle di ”boul grenn” se nwayo ki nan mitan fui a ki fè yo rele l konsa.

Nan zaboka ou jwenn anpil vitamin tankou: Vitamin K, vitamin E, B2, B1, B3, B5, B6, B9, Potasyòm, Manyezyòm, Sodyòm, Glisid, Kalsyòm, Fib, Pwoteyin, Lipid, Fè, Kuiv , Manganèz, Fosfò, Zen…

Kisa zaboka fè pou sante:

-Nan zaboka gen fitostewòl  ki la pou redui vye kolestewòl (LDL) la an menm tan li gen asid oleyik ki ogmante bon kolestewòl la (HDL)

-Li diminye enflamasyon sitou sa ki nan andometri a, sa ki soulaje doulè règ.

-Li gen 7% fib ki fasilite transpò entesten, li bon pou dijesyon

-Li gen 60% grès *monoensature*  ki la pou pwoteje kò a kont maladi kè ak bese tansyon

-Sibstans kawotenoyid ki ladan l yo bon pou fonksyonman zye

-Zaboka se yon bon eleman nan koze dayèt

-Vitamin K ki ladan l lan gen gwo enpak pozitif sou nivo sik nan san, li rekòmande pou moun ki dyabetik konsome l

-Kantite manyezyòm ak potasyòm  ki nan zaboka bon anpil pou fanm ansent ki manke vitamin

-Lè w manje zaboka ou jwenn fib, vitamine E, ak potasyòm ki bon pou zye w

-Ou ka fè krèm ak lwil zaboka pou fè po w bèl epi si w gen cheve sèk ou kapab fè mask ak li pou yo.

Diferan fason moun manje zaboka:

Pa gen yon fason byen presi pou moun manje zaboka, men gen moun ki pa p manje mayi san zaboka sa pa negosyab ditou.
Zaboka manje ak mayi griye, konparèt, pen rale, lam veritab, patat, yanm elatriye
Gen moun ki menm fè ji  «smoothie » ak li.
Yon lòt  kategori moun fè konnen pa gen  anyen ou pa ka manje ak zaboka.

“Guacamole“ se yon salad meksiken ki fèt ak zaboka. Yo melanje l ak zonyon, piman dous, tomat, pèsi, sitwon, piman, se yon salad fre ki byen gou yo sèvi l tankou aperitif.
Nan peyi tankou Brezil, Filipin yo fè plis chèlbè ak li toujou yo fè desè , e menm gen krèm zaboka.

Senpman pa konsome l anpil si w gen yon dijestif ki frajil.

E si se ta zaboka ki te fwi defanti a, fwi pyebwa konesans sa ki byen ak mal la, e si se ta li ki te plase nan mitan jaden dedenn nan !

Lè nou wè valè byen fè ki genyen nan zaboka, n ap mande tèt nou kiyès nan plas EV oswa Adan ki pa t ap tante, finalman sanble se ta sèl grenn byen satan fè. Li fè nou dekouvri pyebwa sila.   viv zaboka!

si w renmen l pataje l

Facebook
Twitter
Pinterest

Lòt atik ki ka enterese w

Translate »