VodouNation_21 Nation

6 JANVYE JOU LÈ WA ?

Pou sila ki toujou ret fidèl a tradisyon Haysyèn yo, mwa janvye entèresan.

Soti nan 1mye janvye ki se jou lendepandans ak soup joumou nou rele soup lendepandans.

2 janvye ki se jou zansèt yo. rive 6 janvye nou klotire makaya epi menm kote a, tout bann rara gentan pare pou pran lari.

Men 6 janvye anpil kote nan peyi d’Hayti yo fete lè wa, se yon fèt ki sanpousan kretyen men anpil vodouyizan, manbo ak ougan deside fete jou saa, jiskaske li pran plas nan tradisyon nou.

Annou founi je gade, KI KOTE LÈ WA SOTI ?

K.F. : Ministè kilti

ISTORISITE

Istoryen, ak lòt moun kap fè rechèch syantifik sou nesans Jezi daprè evènman labib yo poko jwenn dat presi li te fèt la, paske prèske chak pati istwa yo, swa yo pa koyenside oswa yo manke similarite.

Te gen yon epòk kretyen yo te konn fete nesans jezi swa 21 avril swa 20 me, men aprè yon tan yo te vin tonbe dakò sou 25 desanm pou yo selebre nesans Jezi. Men jiskaprezan dokimantaris, istoryen, akeyològ ak lòt syantifik kap fè rechèch sou dosye a pandan plizyè ane poko jwenn prèv konkrè konsènan pasaj Jezi sou latè.

Nan menm istwa sa a, yo fè konnen te gen 3 wa maj (roi mage) ki te swiv yon etwal ki pou te mennen yo nan krèch Jezi te fèt la. Gen kèk istoryen biblis ki fè konnen se espyon Wa Ewod nèg sa yo te ye. Men pi devan, nou jwenn nan rechèch nou, wa maj yo se yon seri de moun ki gen don byen patikilye, presizeman pou entèpretasyon rèv. Gen kèk sous ki vle fè konprann etwal yo tap swiv la se te yon revelasyon, pou wa maj yo al rankontre wa dè wa a.

Pou kretyen yo jou sa a siyifi manifestasyon BonDye sou latè.

Se nan kontèks sa a pandan plizyè syèk kretyen yo ap selebre lè wa.

 

Nan kèk lòt kilti nan de peyi tankou Espay, Frans ak Pòtigal yo pa toujou kenbe tradisyon fè gwo fèt nan jou lè wa a ki se 6 Janvye, dayè se pa menm yon jou ferye pou yo.

 

ENTEGRASYON LÈ WA NAN KILTI HAYSYEN AN

Kilti nou se yon ansanm eritaj arawak, Tayno, Afriken diferan etni kite pou nou. Sepandan kilti nou sibi anpil enfliyans oksidantal jiskaprezan nou poko arive detache n de yo.

Avan kolon te al kidnape nou an afrik vini avèk nou nan diferan zile nan karayib la, fè nou bourike pou metwopòl ka kontinye fè gwo kolèt e anrichi yo, kilti nou ak mòd espirityalite pa nou te gentan byen chita, nou te gentan konnen tèt nou e dakò sou moun nou ye a. men aprè nou fin viv plizyè syèk enjistis ak lavaj sèvo, nou pèdi sou wout nou, nou bliye kiyès nou ye.

Li fasil pou yo fè moun ki bliye kiyès li ye tounen maryonèt e se egzakteman sa ki rive nou jounen jodi a.

 

Gen yon seri vodouyizan, manbo avèk ougan, ki vle kenbe tradisyon ak espirityalite zansèt yo, anmenmtan ki pa rive wè tèt yo ni defini tèt yo san apwòch, mouvman ak mès oksidantal yo anndan kilti pa nou.

K.F. : Valérie Baeriswyl

 

Sa vin koz tout sa ki fèt nan kilti oksidantal yo presizeman mòd espirityalite krisyanis lan, domine nou. Nou toujou ap chache ekivalans.

Pwiske yo fete lè wa lakay pa yo, nou adopte menm pratik la lakay pa nou egalman.

 

Sepandan, plis nap konprann kilti pa nou, eritaj zansèt nou yo kite pou nou an, se plis nap konprann tou, kilti nou pa bezwen melanje ak okenn lòt kilti pou l fò, kilti nou sifi pou tèt li.

Tout lòt bagay ki vin deranje sa, se bagay ki pou elwanye nou plis de moun nou ye a oswa de moun nou dwe vin ye a.

 

Tankou Yole Dérose te di « Lè yon pèp pèdi memwa l, li tankou yon bato san gouvènay, yon machin ba direksyon l kase. Lè nou pa ka rekonèt tèt nou nan pwòp istwa pa nou, paske transmisyon li pa fèt, nou tounen yon nanchon kannannan ki bliye rasin li ak pwòp valè kiltirèl pa l, yon nanchon kap viv nan yon savann dezole, kote tout bèt, tout plimaj ka vin galonnen jan yo vle, lè yo vle epi fè nou kwè sa yo vle. »

 

 

Bedjina Figarot (Ariah)
Chèchez istwa ak kilti pèp Nwa

si w renmen l pataje l

Facebook
Twitter
Pinterest

Lòt atik ki ka enterese w

Translate »