VodouNation_21 Nation

nou se eritye 21 nasyon

Nou responsab byenèt pèp ayisyen

14 daou 1791, 21 nasyon afriken ki te sou zile a, deside mete tèt yo ansanm pou yo te resoud pwoblèm kolonizasyon an sou tè a. Jou  sa pèp ayisyen te pran nesans.

Jou 14 daou 1791 lan reprezantan nasyon afriken yo, plis Taino, plis kèk ewopeyen ki pat dakò sistèm esklavaj la te dakò e yo te sèmante devan espri yo pou te fè yon sèl pou te fini ak sistèm esklavajis la. Zansèt nou te antann pou yo mare pwen nasyon an sou 3 prensip:

1- Tout moun sou zile a dwe lib e egal ego. Richès zile a pou nou tout.

2-Tout Espri sou zile a egal ego. Pa dwe gen youn kap mennen sou lòt.

3- Chak gren moun gen responsablite defan zile a e pwoteje youn lòt.

4- Pèp ayisyen dwe goumen pou libète tout kote nan mond lan.

SÈMAN SA YO TE SIYEN AK SAN, NAN MOND VISIB LA TANKOU NAN MOND ENVIZIB LA.

Vodou se bagay ki pi senp nan mond lan

Vodou pa konplike ditou. Li pa gen règ ni kòmandman paske li pap chèche kontwòl. Vodou la pou li ede w viv an amoni ak linivè, ni sa w wè, ni sa w pa wè.

Vodou aprann ou konn tèt ou, fonksyonman w; Yon mannyè pou ka adapte w ak anviwonman w. Li fèw konnen tout sak egziste gen enpòtans e merite respè. Li fèw konnen menm lè nou pa sanble, nou tout se menm: yon moso lavi kap fè eksperyans sou chimen limyè.

Konpòtman vodouyizan.

2 kestyon nou jwenn plis se : kilè ou konnen ou vodouyizan, ak kijan yon vodouyizan dwe aji.

Tout sa ki ekziste nan mond lan gen twa dimansyon, fizik, mantal ak espirityèl. Nap pale de bagay lòm pa fè ak men li. Fizik la ak mantal la yo la pou yo sipòte espirityèl la. Nan vodou nou rele pati spirityèl la “tibonanj”, se li ki lavi an. Tibonanj sila a gen pou li pase nan plizyè kò anvan li fin fè wout li, chak kò li pase se yon lekòl. An final, lè li pa bezwen kò yo ankò li rejwenn limyè

Nan twa pati ki fè moun moun, gen yon sèl ou ka wè ak je, manyen l, pran sant li, tande l si l fè bri ak goute l. Nou rele pati sa a: KÒ. Kò a konponze de plizyè sistèm ki pèmèt li grandi, defann tèt li, bay tèt li manje epi repwodui.  Moun ki etidye e aprann repare kò, loksidan rele yo medsen, Ayiti , nan vodou nou rele yo bòkò. Kò a gen yon sèl djòb: bay nanm lan yon kote pou li abite pandan pasaj li nan dimansyon fizik la.

ESPRI

Espri an, se dezyèm pati nan yon moun, ou paka wèl ak je ni manyen l, ni pran sant li. Men si w antrene , ou ka santi prezans li. Moun ki inisye aprann kijan pou yo wèl epi kominike ak li. Gen menm ougan ak manbo ki rive kontwole l. Espri a se li ki gen plis travay pou l fè:

  1. Li kontwole tout fonksyonman kò a, tankou yon lojisyèl kontwole yon òdinatè.
  2. Li ede nanm lan nan evolisyon li.

Se pati sa nan moun ki rete ap drive apre nanm lan travèse (sa nou rele lanmò a). Yo itilise l anpil nan mistik; nou rele li gede. Se yo relijyon katolik fè vin Sen. Nan vodou se yo ki gad, pwen, nanm.

NANM

Nanm lan se li ki pati ki pi enpòtan nan moun, nan tout sa ki vivan dayè. Se poutèt li kò ak espri ekziste. Li machè ak enèkji ki fè lòt pati yo fonksyone, inisye di li tankou yon limyè men se pa sa sèlman li ye. Anpil moun di li se yon ti moso nan sa ki pèmèt linivè ekziste; sa relijyon rele kreyatè linivè a. Tout sa kap pase, ki te pase, e ki pral pase nan linivè se rezilta vwayaj li ak eksperyans li fè.

PRATIK VODOU

Moun kap pratike vodou ou byen kap konsome vodou, itilize l pou yo travèse moman kle nan lavi yo: nesans, emansipasyon, maryaj/plasaj, lanmò. vodou sèvi yo tou anpil lè yo malad. Pèp ayisyen an pa konplike lavi l avèk anpil refleksyon sou kijan ou  byen kiyès ki kreye mond lan ni ki kote li prale lè li travèse. Li plis enterese konn kijan li ka viv byen pandan tan lap fè sou tè a; E se la vodou edel sèvi ak tout sa ki ekziste.

Leave a Reply

Translate »