VodouNation_21 Nation

Anpil lakou vodou nan mawoufle

Mwen pa renmen rapòte move koze, koze ki pap mennen moun pyès kote. Men fwa sa fòk gen yon moun ki di yon mo sou sa.
Avan tou sak «Mawoufle » a? Nou itilize mo sa anpil nan milye lakou a, anba tonèl yo, nan peristil yo. Li souvan ranvwaye a yon moun k ap blofe, k ap mete may. Mawoufle se abiye yon sifas ak kòl papye, pay bwa menizye, oubyen papye mouye pou kreye gradoub sou sifas la. Se yon teknik ou jwenn plis kay moun ki Awatò yo (atis pent). Gen lòt atis ki itilize teknik sa pou yo vyeyi zèv potri yo, fè yo parèt ansyen.

Nan milye vodou a, yo rekipere mo sa pou pale sou yon lòt reyalite. Yon reyalite moun k ap kanmwezo (chache konnen) jwenn souvan anba tonèl anpil Manbo ak Hougan. Sa konn rive tou, yon moun mete pretèks li gen lwa danse nan tèt li, pou li pwofite regle koze li ak yon lòt ou yon gwoup moun an patikilye. Moun ki konprann kou a, plenn nan kè paske li wè li ap blofe, donk l ap mawoufle. An nou antann nou byen, se pa tout kote w ap jwenn yon derespektan konsa sa fèt paske kabrit gade je mèt kay avan li antre. Moun ki antre nan pratik mawoufle a pa yon moun ki nan «leve jwenn » ni ki konprann konsekans ki gen nan sa. Fòk li ta boule pou li konn gou dife.

Kisa ki ka fè yon moun antre nan mawoufle ?

Gen anpil koze mwen te ka di ki lakòz deriv sa, ee mwen si noumenm tou gen opinyon pa ou. Banm pase sou kèk mwen trouve ki enpòtan pou moun pale. Manman m toujou di «lakrent se kòmansman sajès » depi yon timoun pèdi valè sa, pa gen anyen w ap ka fè pou li ankò pou w rekipere li. Lè w gen krentif se pa pè ou pè non, se konsekans yo ou pa vle sibi. Donk ou rete trankil, ou pa depase limit ou. Depi ou gen yon sosyete k ap pèdi tout valè moral yo, li sou wout pou li plonje nan bafon. Lòt bagay mwen trouve ki mennen moun sou wout sa se lanmou lajan. Ak ogmantasyon lamizè a bò isit moun yo bravo danje, san kontwòl. Se pi gwo kèt lòm gen kòm preyokipasyon depi antre 19 syèk la. Yo gaspiye sante yo pou yo chache lajan apre yo depanse lajan an pou yo chache sante. Lanmou lajan sa dechennen yon bann fleo nan mond la. Anpil jèn sèvitè lwa reziye yo ak konsekans sa ka pote lakay yo, jis paske yo gen bezwen viv. Se yon sitiyasyon ki pap fasil pou jwenn yon bon solisyon.

Èske se vre, pratik sa rive nan lakou yo?

Lakou,  bitasyon ak demanbre nou yo se sèl espas nou gen ki pi kredib nan prezève eritaj ansestral nou yo. Se kè ak poumon kilti vodou a. Se yo ki kenbe jouk jounen jodia tradisyon zansèt yo depi lè blan je vèt te al rache yo tè gran paran yo pou te mennen yo la. Gen moun ki pretann nou pa t vin ak anyen sof yon katon devan ak dèyè. Men sa yo bliye, lòm ka pèdi tout sa li posede men jamè Lakilti. Chak fanmi monte lakou yo sou regleman yo, se eritye ki resevwa sekrè ki ka dekòde rekòlte nan lakou sa. Souvan yo gen bon gad bitasyon ki kanpe an sòlda pou mete lòd lè sa posib li fèt. Lakou sa yo jiskaprezan gen granmoun se pa tout derespektan y ap pran nan men letranje. Menm pitit tè a konnen se «bwè kleren, respekte boutèy la ». Men sa ka rive «Rat kay, manje pay kay » si se eritye lakou k ap voye flè bagay la konplike. Gen fanmi ki konn itilize prensip pla men an « si ou gen yon dwèt pouri fòk ou koupe li jete sinon l ap pouri tout lòt yo.

Avan mwen kite nou m ap fè nou konnen si nou enskri kòm manm nou ka kòmante oubyen ekri yon pòst tou pou nou pataje moso konnesans ak nou.

Atisole, Sèvitè Lakou a🙏🏽

si w renmen l pataje l

Facebook
Twitter
Pinterest

Lòt atik ki ka enterese w

Translate »