VodouNation_21 Nation

14 out 1791, lè nou kreye pèp ayisyen, nou te te fèl sou kondisyon tout moun sou zile a tap lib pou viv jan yo vle nan respè tradisyon youn lòt. Menm lè kèk nan nou pa respekte sèman sila a, nou menm vodouyizan viv li nan tout sa nap fè. Konsa, nou adopte manje lòt pèp, rad yo, e sitou yon pati nan rityèl relijye yo. Wap remake vodouyizan alèz pou li antre tout kote:  kit li legliz, kit li tanp, kit li moske. Sa pa vle di pou otan li kite Lwa zansèt li yo dèyè. Vodouyizan sèvi ak Sen anpil,  sitou ke legliz katolik toujou kouri mete yon Sen kote li wè vodouyizan rasanble, legliz se pi gwo responsab senkretis nan vodou, woulibè pase l pa genyen. Se sa li fè Sodo, Sen Dominik, Basen Sen Jak ak plizyè lòt kote nan peyi a. Nou dwe konnen yon Sen se lespri yon moun ki te viv sou tè a e ki te rand legliz katolik gwo sèvis. Nan yon pwosesis ki rele kanonizasyon, legliz la kenbe lespri sa a pami nou pou kontinye travay, menm jan ak gede nan vodou. Nou rasanble isi a Sen vodouyizan plis sèvi ak yo.

La Vierge Noire

Se yon kolòn solda polonè ki antre ak Vyèj sa a an Ayiti. Ayisyen adopte li menm jan yo adopte solda sa yo Desalin te bay nasyonalite ayisyèn, yo t al rete Kazal nan latibonit. Legliz katolik gen abitid mete Sen ak legliz tout kote li remake moun al fè pelerinaj. Se konsa li mete Sen sa a Sodo ak Ba Lenbe

Mater Dolorosa

Selon legliz katolik, image sa a reprezante 7 gwo eprèv Mari pase nan vi li: 1- Prezantasyon Jezi nan tanp (la chandeleur) 2 - Lè li te sove kouri al kache pou ewòd an Ejip. 3 - Lè li pa wè Jezi nan tanp Jerizalèm. 4 - Katriyèm estasyon chimen la kwa. 5 - Lè yo klouwe Jezi sou kwa a. 6 - Lè yap desann Jesi sou Kwa a. 7 - Lè yap antere Jezi. Wap jwen plizyè imaj kote li gen 7 ponya nan kè li, youn pou chak doulè.

Manman Mari

Se nan lane 431 nan yon reyinyon ki te fèt nan yon vil ki rele Efèz, dirijan katolik yo vini ak prensip Mari manman bondye a. Pita , nan lane 553, nan yon reyinyon nan vil konstantinòp, dirijan legliz yo deside fè Mari vyèj pou tout vil e pou tout tan gen tan. Toujou nan reyinyon, fwa sa nan "consile de trente" , Pap PI V entwodwi Mari imakile ki vle di li fèt san peche (manman li Sent An pat fè bagay ak papa l Jwachen poul te ka fèt) An final se yon anperè Bizanten ki deklare 15 out se fèt Mari epi wa franse Louis 13 ekzije lan lane 1638 pou tout moun fete fèt la. Si nou remake gen plizyè vyèj , se paske chak kote yo di li parèt yo bal pote non konte a. Se konsa nou vin gen Fatima, Lourdes e la triye.

Sainte Claire

Vre non li se Chiara Offreduccio di Favarone. li fèt nan yon vil ki rele Assise an Italie le 16 jiyè 1194 e se la li mouri tou le 11 ou 1253. Li te yon disip Sen Franswa Dasiz, se li ki kreye fondasyon Fanm Pòv, li vin Sen le 26 septanm 1255. Pap Pi 12 deklare li patwòn televizyon 14 fevriye 1955, yo konsidere li tou kòm patwòn moun kap fè lesiv ak blanchisri.

Altagrace

Panyòl yo rele li Altagracia e se yo ki te vini avèl sou zile a nan lane 1500. Dominiken adopte li e menm kwè se li ki te eded yo nan batay kont solda franse yo an 1691. Poutè sa, yo bali yon jou espesyal depi 21 janvye 1692. Dominiken di li te desann Higuey, se pou sa se la yo fè palerinaj pou li. Kòm li sou zile a, legliz katolik ayiti deside bati yon leglliz pou li sou Dèlma.

Santa Filomena

Santa Filomena se yon jèn ti fi ki pase anpil mati nan vi li paske yon anperè yo te rele Diocletian te vle pran l pou fanm e li pat dakò. li mouri nan prizon li te gen 13 zan. Yon rakonte apre 40 jou prizon, yon kolòn zanj te vin okipe l. Apre plizyè atant pou yo touyè ki pa reyisi, yo deklare li se sosyè epi yo koupe tèt li. Fidèl katolik wè nan li yon pwotrektris ti moun ak ti bebe. Dat legliz kite pou li se 11 out.

Sainte Anne

Sa se Sent An manman vyèj Mari ak pitit li Vyèj la. Selon legliz katolik, An te ansent san fè bagay se pou sa yo di Mari pitit li imakile paske yo pat fèt peche pou li te fèt. Legliz katolik pandan lontan te konsidere fè sèks tankou yon peche, si se pat youn nan premye peche yo.

Saint Jacques Le Majeur

Jak Zebede, Jak Majè, Sen Jak tout sa yo se non yo bay mesye ki sou chwal blan ak epe nan men li an. Sen Jak te youn nan 12 disip Jezi yo, kidonk yon jwif. Apre lanmò Jezi, li pati al nan peyi Espay al konvèti moun. La, li mennen gwo batay kont moun nwa ki te okipe peyi a jouk li rive mete yo deyò. Moun sa yo te rele Mòr, yo te soti an Afrik. Apre sa, li retounen Jerizalèm kote yo koupe tèt li. Jan li toujou fè, legliz katolik mache mete legliz li plizyè kote li wè ayisyen rasanble.

Saint Georges

Jòj fèt nan peyi Lagrès, menm jan ak papa l li antre nan lame romèn kote li vin ofisye. Antan kretyen, li pat dakò ak tretman wòm te bay kretyen yo epi li revolte. Poutèt sa yo fini pa koupe tèt li. An 1350, wa anglè a Edwa 3 sakre li Sen patwon peyi Angletè, se sa ki eksplike prezans li Ayiti paske solda anglè yo te metel devan nan tout batay yo.

Saint Patrick

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Saint Expedie

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Saint Antoine

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Saint Michel Archange

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Saint Pierre

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Saint Paul

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Saint Vincent de Paul

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

This is the heading

Leave a Reply

Translate »