VodouNation_21 Nation

Vodou gen anpil aspè ladan n, pati majorite moun kouri sou li a se maji. Tout moun bezwen konn zonbi ak diferan kalite pwen alòs pati pi enpòtan nan vodou se règleman, remèd ak resèt. Se yo ki ede vodouyizan travese tout kafou nan la vi a. Nou rasanble plizyè resèt pou ou isi a, nou kwè yo ka ede w.

Sa pou nou pa janm bliye lè nap fè vodou, anyen pa dwe fèt nan fè nwa. Kit li te yon bouji, yon balèn, yon lanp lwil ou byen tèt gridap, wap toujou bezwen limyè. Li enpòtan tou pou anonse epi beni sa wap fè an, pawòl enpòtan nan vodou, sonje tout sa ki eksiste, swa se yon vi swa li abite. Kidonk toujou montre respè paske vreman: sa w pa konnen pigran pase w. Pou fini , vodou pa fèt nan salte. Ni moun kap patisipe yo ni kote a fèt pou pwòp e pirifye.

Leave a Reply

Translate »