VodouNation_21 Nation

2 janvye jou zansèt yo

 

 

2 janvye se jou nou genyen nan kalandriye pa nou, pou nou komemore, selebre zansèt nou yo.

 

Mwa janvye se yon veritab mwa selebrasyon tradisyon nou yo ak konsekrasyon, sitou pou vodouyizan pratikan nan kilti pa nou an Hayti.

 

1ye jiska 6 janvye se pwolongasyon Makaya.

1ye janvye nou selebre dat enpandans nou, nou te pran an 1804.

2 janvye ki se jou zansèt e nap tou ret nan dat sa a paske se li ki pral enspire nou lapawoli jodi a.

 

Sa k jou zansèt la menm ? e poukisa se 2 janvye ?

Jou zansèt yo. (Jour des aieux)

Nou nonmen jou an konsa se yon fason pou nou di jou sa a se pou zansèt nou yo, se pou nou selebre yo, selebre vayans yo, selebre fòs yo, montre yo nou rekonesan pou eritaj yo kite pou nou, montre yo tou nou pa bliye yo e nou respekte yo.

 

Se prezidan Nò Aleksi (Nord Alexis) nan lane 1904 ki te chawzi jou sa a kòm yon jou spesyal pou pèp Ayisyen selebre, onore memwa zansèt yo.

Fòk nou di tou, an 1904 se te yon bèl okazyon nou te genyen pou n te make 100 an endepandans repiblik D’Hayti e se konsa nou te eksprime gratitid nou anvè zansèt nou pou sakrifis yo te konsanti, pou jounen jodi a nou te ka rele libète nou chè mèt, chè mètrès.

 

 

 

LI ATIK SA A TOU : ÒTOGRAF HAYTI – POUKISA ?

LI ATIK SA A TOU : TRAKA ESKLAV YO NAN KOLONI YO

LI ATIK SA A TOU : 6 JANVYE JOU LÈ WA ?

 

 

 

Enpòtans pou nou selebre jou sa a.

 

Avan 1904 nou te deja gen plizyè fason nou te konn selebre ak onore zansèt nou yo nan tradisyon n anndan vodou a.

Se te yon seri pratik ki pat fòseman popilè. Sitou nou konnen jan sa se te yon veritab batay (jis jounen jodi a) pou Haysyen aprann renmen e respekte kilti l, vin jwenn nou gen yon sistèm edikatif ki pa bay pèp la kout men ditou nan koze sa a. okontrè yon Haysyen pi pa Haysyen lè l fini etid li pase jou l te fenk fèt la.

Se kèk eveye kap fè efò pou yo vin yon 5 % haysyen chak jou pi plis.

Kounye a ou dwe ap mande tèt ou…

 

Kilè yon moun Haysyen ?

Oswa kilè yon haysyen se yon haysyen.

Aaaaa !! ou ka panse sa banal, men li pa banal ditou.

Men tou dabò èske sa ka rive yon haysyen pa haysyen.

Nou di koze a konsa men lojikman tout haysyen se haysyen, men tout haysyen pa diy pou yo haysyen.

Selon papa nasyon an Jan Jak Desalin (Jean Jacques Dessalines) fèt Hayti pa sifi pou yon moun ta mache ap pwoklame wo e fò li se haysyen.

Gen sou kèk prensip nou dwe chita konviksyon nou ak idantite nou kòm moun, kòm pèp. Prensip sa yo papa nasyon an te deja tabli yo. E si w pa ka swiv yo, ni rekonèt tèt ou ladan yo fòw ta wont di w se haysyen, selon papa nasyon an.

 

Pa egzanp :

                       Selon konstitisyon 1805 lan nan atik 11 lan nou jwenn.

Atik 11 : Tout Ayisyen  dwe genyen yon atizay mekanik.

(atizay mekanik : se yon seri kreyasyon atistik kote yo itilize plizyè eleman mekanik, lè ou mete yo ansanm yo bèl e itil)

Egzanp atizay mekanik : agrikilti, navigasyon, medsin, teyat, elt…

 

Atik 9 : okenn moun pa diy pou li Ayisyen, si li pa yon bon papa, yon bon pitit, yon bon mari, e sitou yon bon sòlda.

 

Atik 8 : wap pèdi kalite sitwayen ayisyen an, nan efè bankwout ak fayit.

 

NB : efè bankwout la (effet des banqueroutes) : se fayit moun fè nan antrepriz yo nan fè fwod oswa vyole lalwa.

 

Yon bagay ki atire atansyonm nan atik 8 la se, nou tèlman yon pakèt afè (mespere yon lè na pran konsyans de sa) sitwayen Ayisyen se yon kalite.

 

Papa nasyon an, Jan Jak Desalin te genyen klè nan tèt li ki kalite peyi li te vle bati ak ki kalite sitwayen li te vle fòme nan peyi a.

 

Donk la a ou ka kòmanse evalye nivo ayisyènte w poukont ou e fè efò pou w vin yon ayisyen konsekan chak jou pi plis.

 

 

 

 

LI ATIK SA A TOU : SOUP JOUMOU

LI ATIK SA A TOU : GOUDOUGOUDOU vs SIPÈSTISYON AK DON ENTÈNASYONAL

 

 

 

Epi nou deja konprann li enpòtan anpil pou nou pa janm sispann onore ak selebre memwa zansèt nou yo. Paske se pa sèlman yon kesyon rekonesans, sa alimante egregò nou e sa fè nou vin pi fò, pi anrasinen, pi djanm kòm pèp.

Fòs zansèt nou yo pi kontan, yo akonpaye nou pi plis ak plis angouman, lè nou montre yo e yo wè nou pa bliye yo.

Yo kontan wè sakrifis yo pa pase an ven, yo kontan wè jenerasyon ki vin aprè yo respekte e alawotè eritaj yo te bay vi yo, pou yo te kite pou nou.

 

Gen moun ki gendwa di, men depi yo mouri yo pa konn anyen ankò, mwen konprann panse sa a, se yon fason yon moun ka wè e konprann linivè ak lavi. Men nan kilti pa nou aprè kò fizik yon moun mouri, nanm li rete byen vivan e gen diferan rityèl nou fè ki montre jan n te atache a moun sa a, ki montre jan n te respekte l e sitou ede l travèse al Alada. (Nan kilti nou, Alada se kote moun ale lè yo mouri).

 

Se sa k fè lè n te jete kò papa nasyon an nan lari apre n te fin asasinen l, se te yon veritab gwo tonton erè. Gen moun jiskaprezan kap di se koze sa a nap peye jounen jodia. Pèsonèlman mwen pa kwè se sa ki koz sa nap viv jounen jodi a ositou se pa sa sèlman (mwen konnen koze a pi konplèks) men mwen kwè lè nou ta deside viv nan diyite fòk nou tout alawonnbadè mande padon e eseye rachte nou pou kalte zak malonèt sa a.

 

Mwen pwofite salye memwa Marie Sainte Dédé Bazile dit défilée la folle.

Tèt dam lan te tèlman dwat, tèlman klè li te gen konprann ase pou l te ranmase kò papa nasyon an e anterel kòmsadwa.

Marie Sainte Dédé bazile

Ewa !

Ewa !

Ewa !

 

Nou gendwa toujou kwè lè yo mouri yo pa konn anyen ankò, men anmentan lè map gade mond lan ak kilti lòt pèp sitou pèp ki devlope tèt yo mwen wè jan yo trete e selebre zansèt yo ak lanmou, ak respè, ak diyite e mwen sitou wè jan yo pa negosye sa.

 

Men kèk egzanp : mwen vle kenbe egzanp sou grand pisans ofisyèl mondyal la aktyèlman.

 

Yo gen yon bagay ki rele : TOMB OF THE UNKOWN SOLDIER, yo fè tonb sa a nan memwa sòlda ameriken ki mouri nan batay pou Lèzetazini damerik, ki pat anrejistre.  Sa vle di, sòlda ki mouri yo bliye non yo ak sa ki mouri yo pat menm konnen.

 

Yo gen yon simityè spesyal yo antere tout moun ki mouri ak lonè pou Lèzetazini. Simityè sa a rele ARLINGTON CEMETERY.

 

Yo posede yon mize spesyal ki dedye a istwa ameriken ki rele SMITHSONIAN.

 

E lèm fè ti kout pye an Azi nan peyi tankou Kore Di Sid, Japon, Chin, elt… mwen wè ki kalite rityèl familyal ak nasyonal yo fè pou zansèt pa yo.

Yo respekte e onore zansèt yo anpil.

 

E nou menm ki gen youn nan pi bèl istwa nan mond lan ?

Zansèt nou yo pa merite rekonesans, respè ak lonè ?

 

Figarot Bedjina (Ariah)
Chèchez istwa ak kilti pèp nwa / AfroDesandan

 

si w renmen l pataje l

Facebook
Twitter
Pinterest

Lòt atik ki ka enterese w

Translate »